Yon group fanm peyizan dinamik nan Ba Nòwès kalifye Jovenel Moise de mechan ki lage peyi a nan salte ke oken peyi pa janm konnen

334

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon group fanm nan Pòs Metye, yon lokalite ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè leve vwa yo pou kondane atravè yon mouvman “Konferans Deba Fanm”, atitid gouvènnman an nan fason ke li reponn ak bezwen ou mizè rere popilasyon an nan mitan kriz pandemi a.

Medam sa yo ki estime ke yo genyen dig dantan depi ke yap entèsede devan Leta pou voye je gade nan ki eta moun ap viv nan Ba Nòwès espesyàlman nan Pòs Metye, malerezman yo inyore yo e voye yo jete anba pye. Yo rapouswiv pou yo di kondisyon ke fanm yo jounen jodi a ap viv, lakòz prèske tout moun ap mal mennen, paske fanm se poto mitan lavi e yo genyen anpil moun ki repoze sou yo. “Jovenel te mande pou fanm rete lakay pou kowonaviris, men li pat konsidere mete sou plas yon mekanism asistans sosyàl pou sa yo ki vilnerab. Sepandan, se pa de milyon ke gouvènnman an resevwa sou do kowonaviris la”, dapwè medam yo ki tap depoze.

“Konferans Deba Fanm” yo egalman lonje dwat jouda sou swadizan premye Dam nan, Martine Moise ki fè prèv iresponsablite e kap jwe yon wòl fantòm ak yon pèfòmans ki fè tout fanm anbarase. Yo kalifye de mechan, raketè, ak imoral, prezidan repiblik la, Jovenel Moise ki pa sispann trennen peyi a nan salte ki pi ba limanite pa janm konnen.

Yo te plizyè fanm melanje ak gason ak yon chante “Peyizan reveye nou, nan tout move lavi a se lakay an nou yo ye”, asosye ak refren tanbou kata, Konferans Deba Fanm nan Ba Nòwès te fini avèk dènye pawòl yon fanm vanyan ki pa sispann sansibilize gason ak fanm patisipan sou efò ki dwe miltipliye pou retire Jovenel Moise nan figi moun.

Nap raple, seri aktivite “Konferans deba Fanm” yo antre nan yon dinamik sansibilizasyon pou raple memwa tout peyizan ki te tonbe nan Masak Jan Rabèl la, 23 jwiyè 1987 paske yo tap mande lekòl, swen sante ak ankadreman ekonomik.

Comments are closed.