Ayiti: Sena repiblik la deside mete Senatè Louis Onondieu nan kanpe lwen alòske pwèske tout Palmantè ta sanble ap naje nan kòripsyon

0 560

Pòtopwens__(TRiboLAND) Sena Repiblik la pwofite van skandal kòripsyon kap fè firè sou tèt Senatè Nòdwès la, Louis Onondieu, pou redore blazon li.

Apwè skandal kidnapenn ki enkilpe Senatè Latibonit lan, Gracia Delva ak Anrnel Joseph ki jiska pwezan ap paweze nan fonksyon li malgre li mete tèt li an disponiblite; koulya, skandal kòripsyon Senatè Onondieu-a petèt revòlte konsyans rès kò-a ki ta sanble egzije Senatè Onondieu, Kestè gran kò-a kraze yon kite sa.

Nan yon konferans ant tout prezidan biwo gran kò-a, gran toryan Senatè yo pwan yon seri dispozitif ki pwal petèt kòmanse lage kloròks nan lanmè salte ke anpil Senatè ap naje depi kèk tan. Dapwè Carl Murat Cantave ki se pwezidan biwo Sena-a, genyen yon ankèt espesyal ki pwal mennen sou dosye kòripsyon Onondieu-a e plizyè lòt dispozisyon administratif pwal pwan tou kont tout anployè nan Sena ki gen kòd lonbwit yo mare ak skandal kòripsyon sa, selon atik 191 ak 188, 2 lwa ki pase men sou kòd regleman fonksyon piblik.

Nap raple ou, depi sou plizyè lejislatif, anpil moun konsidere Sena Repiblik la kòm yon espas bandi, dilè dwòg, asasen ki anvlope ak yon dra iminite pandan yo kontinye ap fè krim tout kalite. Sena sa ki anfale yon bò nan bidjè peyi-a, pa sispann okipe tout enstisyon leta yo kòm byen pèsonèl yo.

Pwetèks dosye Onondieu-a ke biwo Sena-a ap itilize pou pwezève kredibilite Sena-a parèt kòm jwèt ti moun sitou lè moun konpwann se pwèske tout Senatè ak Depite kap naje nan kòripsyon. Anplis, bagay sa pa gen kredibilite ase pou netwaye pwòp tèt pa li ki plonje ra gagann nan kòripsyon. Pi gwo sèvis ke Palmantè yo te ka ran peyi-a se fèmen 2 vye kò bandi ak vòlè sa yo ki mete peyi nan plis salte ak wont entènasyonal.

Leave A Reply