Kwa Dèboukè: Arnel Joseph tante sove nan yon prizon paswa

346

Kwa Dèboukè___(TRiboLAND) Dapwè Charles Nazaire Noel ki se yon gwo responsanb prizon sivil Kwa Dèboukè a, ki nan depatman Lwès Peyi a, konfime tantativ ansyen gwo chèf gang Village de Dieu avèk Post-Pierre a, Arnel Joseph t’ap fè bwas pou li te arive evade ansanm avèk 2 lòt prizonye jodi jedi 23 jwiyè 2020 an.

Arnel Joseph

Mesye Noel relate enfòmasyon sa yo sou yon radyo nan kapital la, nan moman anpil enfòmasyon tap sikile sou rezo sosyàl yo pendan jounen an. Responsab penitansye a demanti anpil nan enfòmasyon sa yo ki pa sanble ak verite; sepandan, li konfime ke Arnel Joseph benefisye kòkòday, konivans, konfyolo, konplo ak kòtmaltaye yon pakèt ajan ou polisye ki t’ap travay pou fasilite ansyen chèf gang notwa a egzekite yon evantyèl plan evazyon ke li te menm anonse nan yon video.

Yo sezi apeprè 6 telefònn nan men Arnel, pami yo genyen youn ki trè sofistike e ki fasilite li fè reyinyon ak divès kò gang k’ap danse kole ak pouvwa a jounen jodi a. Pou anpil moun, Arne lap jwi yon prizon paradizyak. Pierre Esperance, lidè (RNDDH) kap milite pou dwa moun (R dekri ganstè a: arogan e menm te arive frape yon ajan anndan prizon an. Militan dwa moun nan, konfime egalman konplisite yon seri ajan ou polisye kap travay pou Arnel e menm resevwa e delivre yon seri bagay tankou telefònn bay ansyen chèf gang lan ke anpil moun konsidere kòm anfan gate pouvwa Jovenel Moise la.

Se pa premye fwa Sant penitansye Kwa Dèboukè ap montre nan ki eta espas kaseral nan peyi a gen “vwa dlo”. Plizyè prizonye arive evade deja se gras yon pakèt reselè ki profite ap fè lajan ak gwo potanta kriminèl sa yo ki toujou benefisye gwo proteksyon nan men gwo politisyen ki pa sispann trennen peyi a nan enpidisite. Nou raple nou, evazyon Clifford Brandt!

Ankò se gras a vijilans ak plizyè backup fòs espesyalize ke Sant kaseral Kwa Dèboukè a arive mete lapat sou Arnèl Joseph ki deja fè anpil moun nan peyi Dayiti kriye!

Comments are closed.