Nòdwès: yon lòt fwa ankò tout moun anba dlo ak yon kalvè ki bay plis dlo nan je

0 311

Pòdpè__(TRiboLAND) Gwo Lapli ki tap tonbe sou depatman Nòdwès la pandan kòmansman wikenn sa, lage vil Pòdpè ki te deja chaje ap fè fas ak fatra, labou, pousyè nan plis lamantasyon: Santre vil, anba ak anwo lavil pase pran tout katye popilè yo tout plonje anba dlo. Nan moman nap pale la a, se dlo popilasyon sa-a, ki te deja ap naje nan mizè, answit ki pa rive sove anyen pandan pasaj gwo ond twopikal-la, ap fè bwas ak ti bokit pou retire dlo ki anvayi lakay yo. Konsa, se mande ki kote sinistre sa yo pwal dòmi si tout fwa madanm lapli ta kontinye ap bay payèt toujou nan Nòdwès.

 Devan yon tèl deriv, plizye enstans pran lari Pòdpè maten Lendi l9 Dawou 2019 sa-a pou denonse ni Pouvwa anplas la, ni konpayi jwèt timoun kap remèt jan de travay bidon sa yo e ki pa ditou ekspwime respè anvè site Kapwa Lamò-a.

Konsa, sitwayen victim tankou: Apoléon Trompé, Madanm Guillaume ak Rev. Pastè Jean Claude Thervil pat ezite pwan mikwo Lapwès pou denonse onbyen mete boy nan pwa enjenyè kole boyo sa yo kap travay pou anglouti vil Pòdpè san kite dèyè swadizan Jovenel Moise ki Pwezidan peyi ak tout madanm li, Martine Moise ki ta sanble ki pa moun Pòdpè.

Pastè Jean Claude Thervil, ki tap bay candida banann alonj nan tout epòk eleksyon yo, sezi wè konpòtman Jovenel Moise fas a dezolasyon depatman Nòdwès la. Lidè eklesyastik la, menase pou li trade nan tribinal Leta Ayisyen pou kantite bagay ke li pèdi nan 24 èd tan krisyàl ke li sot pase la.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply