Mòsennikola asèpte komemore asasina pè Jean-Marie Vincent ane sila

850

08-23-2023

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou retrase sa pè Jean-Marie Vincent alyas “Janboul”, te konn fè ak aksyon l te konn poze nan mitan peyizan yo, mannm òganizasyon Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen yo ak lòt òganizasyon alye, pral komemore asasina lanmò pè Jean-Marie Vensan nan komin Mòlsennikola 28 dawou 2023 kap vini la.

Aktivite sa pral fèt nan zòn kote Jean-Marie te anfèmye yon kantite tè pou ti peyizan yo travay jounen jodi a grandon mete ak kolon blan tante pou mete yo deyò.

Selon David Nènèl, dimanch 27 out nan aswè ap gen yon sware kiltirèl epi lendi 28 out la, se selebrasyon an gran jan.

Yon mesaj solidarite lanse ak tout sitwayen ak òganizasyon konsekan nan peyi a pou kore lit batay Janboul tap mennen pou chanjman nan Ba Nòwès peyia.

“Mapou a tonbe san’l dwe sèvi angrè pou avansman lit mas peyizan defavorize yo”.



Comments are closed.