Nòt Pwotestasyon Federasyon Jounalis Latibonit yo kont masak gang sangwen Savyen fè nan Lyankou jounen jodi dimanch 23 jiyè 2023 a.

874

07-23-2023

Federasyon Jounalis Latibonit kondane zak ansasinay moun nan komin Lyankou sibi anba men gwoup teworis Savien ak Palmis jounen dimanch 23 jiyè 2023, pou yon 2 èm fwa pandan menm mwa jiyè 2023.

Bandi yo kidnape moun, yo touye, boule kay ansanm ak radyo Antarctique FM nan Lyankou.

Definitivman bandi Savien yo kontinye ap dechèpiye popilasyon an nan Latibonit anba je otorite la jistis, Lapolis ak PM Ariel Henri.

Gwoup gang Savien yo kontinye ap menase jounalis yo nan depatman latibonit,bandi kokorat san ras okipe wout nasyonal nimewo 1,yap kidnape,touye,vyole moun chak jou anba je tout otorite yo.

Federasyon Jounalis latibonit mande ak responsab gwoup moun kap defann sitwayen yo tankou FJKL, RNDDH ak lòt antite nasyonal kou entènasyonal pou yo panche sou pwoblèm ensekirite kap ravaje peyizan yo nan Vale Latibonit depi 5 lane ak konplisite senatè, depite ak plizyè otorite nan kolektivite teritoryal yo ki itilize nèg ak zam pou vòlò eleksyon pou yo kapab eli nan tout komin yo.

Jounalis yo bouke e yo mande ak Minis Jistis la, chèf gouvènman an ak DG PNH la pou rezoud pwoblèm ensekirite a e mete polisye nan komisarya Lyankou, Ti Rivyè Latibonit ak Dezam epi voye manm lame Dayiti yo nan nwayo Ti Rivyè Latibonit.

Pradel Alexandre, Prezidan



Comments are closed.