NÒDWÈS/JISTIS : PDG Radyo G.80 an reponn kesyon komisè gouvènman an

501

Pòdpè___(TRiboLAND) Daniel Loriston, jèn gason abiye blan kon koton, ansyen kandida pou pòs depite e jounalis te rive prezan byen bonè nan maten jounen lendi 13 jwiyè 2020 an yon mannyè pou reponn ak envitasyon komisè gouvènman an ki donk Me Volney Belamin Jean.

Daniel Loriston

Dapwè PDG Radyo jenerasyon 80 an, ki deklare nan mikro korespondan nou” se swit ak yon seri emisyon “KRITIK” ke l’ap fè sou sistèm jidisyè a kote ke li takse pakè Pòdpè a kòm etan kopi fidèl tout krim kap fèt nan peyi a”.

Yon opinyon dapwè Daniel Loriston ki ta pouse komisè gouvènman an Me Bellamin Volney Jean voye yon envitasyon ba li san motif.

“Se pèsèkisyon politik desizyon komisè gouvènman an,” dapwè ansyen kandida pou pòs depite a nan komenn Pòdpè, ki li menm parèt kòm moun ki gen plis chans pou ranpòte nouvo eleksyon kap vini la yo.

Komisè gouvènman an yon lòt bò soulinye difamasyon Direktè Radyo Jeneration 80 an, lèl deklare kel resevwa “20.000” dola nan men yon jistisyab pou zafè tè. Dapwè deklarasyon nimero 1 pakè pòdpè a,  se gras ak Me Fresnel Jean ak Me Ricot Jean Charles ki rive mande gras pou sitoyen sila eki pa rive trouve’l jounen jodi a dèyè kat miray.

Yon dosye dapwè komisè sila ki poko fini e li pwofite mande Daniel Loriston “ mete dlo nan diven l”.


Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.