Yon gwo van panik mete tout moun an bwanl vil Pòdpè jodi 5 Novanm 2019

0 457

Pòdpè __(TRiboLAND) Malgre lekòl ak anpil lòt aktivite ki toujou ap fonksyone nan vi ralanti nan Site Kapwa Lamò a, sa pa anpeche yon van panik soufle nan tout bout kwen nan Pòdpè maten an. Enfòmasyon ki tap sikile tribò e babò te fè eta yon evantyèl gwoup malfwa ki tap soti Gonaiv pou venn kraze bwize e kreye gwo pètibasyon politik nan Pòdpè.

Rimè yo tap boujonnen depi byen bonè nan maten; sepandan ozanviwon 10:00 am, divès moun tankou machann, elèv lekòl, etablisman eskolè, travayè tout kalite, pwopwiyetè magazen ak anpil lòt enstans te leve fèmen pòt e tonbe kouri yon fason pou abwite e sove vi yo anba yon evantyèl gwoup ki te konte desann nan Pòdpè akoz lekòl kap fonksyone nan vil la.

Selon rimè yo, yon gwoup bandi malfwa ki te nan zònn Chansòlm tap pwan dirèksyon Pòdpè pou mete fen ak divès aktivite  pami yo lekòl ki tap timidman pwan jarèt. Rimè yo te rapouswiv pou devwale yon latriye bandi Gonaivyen tap sikile ak gwo zam fann fwa nan divès ri sou sòl Kapwa Lamò-a, ki te yon veritab espèktak sinema leve kouri.

Se te yon “sitiyasyon sov ki pe,” alòske paran pat pwan tan pou anviyi espas apwantisaj yo pou sove pitit yo: kraze baryè divès lekòl, pami yo ou jwenn Kolèj Miks Leslie Doktè e Kolèj Nòtredam Deloud. Katchouboumbe-a lakoz yon bon valè elèv blese, pye ak bwa kase; machann ki te deja nan mizè nwa te oblije kite tout ti degaje yo dèyè alòske endividi mal entansyone te kouri fè dap piyanp sou ti demele malerèz sa yo ki tap kouri sove tèt yo.

Enfòmasyon ke TRiboLAND rekeyi, fè eta de yon evantyèl reyinyon ki te òganize nan youn nan kolèj nan vil la yon fason pou te byen planifye yon parèy senaryo. Plizyè moun ta lonje dwèt jouda sou yon sèktè nan opozisyon ki ta okestre yon parèy rimè ki te kòmanse ap alame moun depi nan antre vil la bò Twa Rivyè rive jous nan direksyon Nò depatman an.

Leve kouri yo te lakoz menm polisye ki tap siveye ansyen shop pwezidan Jovenel Moise la te pwan lyann pou yo. Plizyè direktè lekòl te anba gwo pwesyon parental alòske machann ki soti nan zònn avwazinant yo te kraze rak e kite tout sa     yo te posede dèyè.

Sèten moun akize yon sèktè kriminèl nan opozisyon an ki te reyini nan youn nan kolèj nan vil la yon fason pou te planifye yon tèl zak tèworis ki pou dekouraje mouvman lekòl nan yon peyi ki deja alagoni. Nap raple se pa pwemye vil Pòdpe toujou viktim de yon seri fake nouvèl tankou panik tsunami ki toujou lakoz van panik pou granmesi.

Leave A Reply