Yon avyon Chinwa ke peyi Bahamas ak Repiblik Dominikènn refize, arive ateri san plwoblèm nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture

0 460

Pòtopwens___(TRiboLAND) Dapwè yon jounalis trè repute Miami Herald nan Florid, Jacqueline Charles rapòte nan yon twit ke yon avyon pwive ki gen plizyè chinwa abò li ki soti jis Hong Kong rive nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture jodi Vandredi swa 31 Janvye 2020 an.

Jounalis Charles konfime ke avyon chinwa a te deja jwenn refu pou li pat ateri nan peyi Bahamas ak nan peyi Repiblik Dominikènn, men arive kanmèm jwenn otorizasyon pou ateri sou aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture. Selon enfòmasyon yo avyon chinwa pake aktyèlman sou tamak èpòt la.

Jounalis Miami Herald la kontinye pou li di ke “pilot avyon an deklare ke yo depase dure vol yo e se sa ki ta okazyone yo ateri,” yon enfòmasyon ke yon lòt jounalis ayisyen, Gary Pierre Paul Charles te deja difuze sou Scoop FM nan Pòtopwens.

Leave A Reply