Tragedi nan Lakou Simon: Jèn foutbolè Jeff Barios pèdi lavi li pandan yon match

Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon dram ki tranble kominote foutbòl la rive aprè midi samdi 26 jiyè 2025 la, pandan ouvèti chanpyona vakans lan nan Lakou Simon, Okay. Jeff Barios, jèn atakan ayisyen ki te mete mayo nimewo 8 pou ekip AS Lagonav la, tonbe sou teren pandan li tapral resevwa yon pas nan yon aksyon 1 kont 1.
Daprè temwen ki tap asiste match la, jèn gason an te tonbe pou kont li, san okenn kontak ak lòt jwè. Sekouris ki te sou plas te reponn prese prese epi yo te transpòte li lopital ak èd yon anbilans, men malerezman, tout efò yo pat sifi pou sove lavi li.
Lanmo Jeff Barios lan souke tout fanatik foutbòl la, sitou jèn ki te vini an foul pou lanse sezon vakans sa a. Plizyè moun sou rezo sosyal eksprime doulè yo ak solidarite ak fanmi jèn jwe sa a ki ale twò vit.






