Kalifòni: Kobe Byant, yon ikonn NBA mouri pami 9 moun nan yon aksidan elikoptè

0 670

Kalabasas/Kalifòni___(TRiboLAND) Kobe Bryant, yon lejann jwè baskètbòl NBA a mouri maten nan yon aksidan elikoptè nan Kalabasas, Kaliforni jodi dimanch 26 Janvye 2020.

Dapwè konfimasyon TMZ ak Variety ki rapòte ke Kobe kit e nan elikoptè pwive li ansanm ak twa lòt pasajè jwenn lanmò yo. Selon TMZ ki endike ke pèsonèl ijans yo te reponn trè rapid, men malezman, pèsònn moun pa arive chape. Konsa, genyen yon total 9 moun ki mouri nan aksidan an. Pami yo, ou jwenn Gianna Bryant 13 lane, pitit fi jwè baskètbòl la.

Jiska pwezan, koz aksidan an toujou anba envèstigasyon. Selon kèk sous ki kredib, madanm Kobe,  Vanessa Bryant, ansanm ak 3 lòt pitit Kobe yo pat nan elikoptè a.

Kobe ki tap evolye nan Los Angeles Lakers te yon veritab ikonn, yon lejann ekstrawòdinè ki te ranpòte pandan 5 fwa chanpyona NBA yo e menm te arive genyen tit jwè ki pi valab nan NBA a nan lane 2008. Kobe Bryant a 41 lane li kite 4 timoun ke li te genyen ak madanm li Vanessa Bryant. Ke nanm li repose nan Lapè!

kredi foto: (AP/Matt Slocum)

Leave A Reply