Syèl Lima-a demwazèl se vre, men bèl pweparasyon Jwèt Panamerikènn 2019 yo simaye solèy

277
0
Share:
TRiboLAND

LIMA__(TRiboLAND) Malgre tan an demwazèl e yon ti jan fè fwèt payizaj kapital Pewou-a, Lima deja ofwi yon atmosfè de gwo Jwèt Konpetisyon onivo Jwèt Panamerikènn kap demare 26 Jwiyè 2019. Konsa, responsab òganizatè yo ap fè bwas pou mete dènye touche an tèm valè ajoute nan plizyè strikti dakèy ak distraksyon pou gwo randevou konpetisyon espòtif ak kontinantal sa.

Se premye fwa nan listwa li, Lima ki se yon vil kwonik pwal rejwenn ansanm peyi ki òganize anbyans panamerikènn yo kap doubout 26 Jwiyè jiska 11 Dawou 2019. Konpetisyon yo ap ouvwi ak yon gwo aktivite Volebòl sou plaj. Ap genyen 40 peyi patisipan ak 39 poban espòtif disiplinn. Kapasite lojistik yo ap plis fokis sou 2 bèl subèb lokasyon: Vila Panamerikènn ki kapab akeyi plis pase 7000 atlèt e VIDENA (Villa Deportiva Nacional) ki se yon joli espas ki aksantye avèk yon achitèkti pewouvyen ki pwal akeye ansanm evenman espòtif yo e ki ekipe avèk yon stad, yon sant akwatik, yon velodwòm ak yon sant espòtif enpwesyonan.

Lima se yon vil ki loje 8, 5 moun. Pou reponn a yon seri egzijans sikilasyon, gouvènman oblije bay pwiyorite trajè a tout yon seri otobis panamerikènn kap la pou transpòte piblik patisipan an; li fasilite tou, jou ferye (ant 26 e 30 jwiyè) ki kapab desann fe pwoblèm sikilasyon an nan vil pwensipal Inka yo.

Antouka, nan kèk èdtan sa pwal demare avèk Lima! Tout delegasyon yo deja pwezan pami yo ou jwenn peyi tankou: Etazini, Kanada, Ayiti, Bwezil, Meksik, Kiba, Kolonbi  pou nou site sa yo sèlman.

Share:

Leave a reply