Sitiyasyon lojistik deplorab nan Centre d’Accueil Delmas 3

385

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nan yon repòtaj ke li bay pou Radyo Televizyon Karaib jodi madi 14 jwiyè 2020 an, Jean Paul Lendi dekri yon sitiyasyon dlo nan ou kondisyon enfra-imen espas sa a ki loje yon pakèt timoun ke leta akonpanye depi kèk tan.

Selon repotaj Lendi a, se yon strikti ki tonbe an defayans tout nivo li: odè dezagreyab, kabann san matla, absans dlo ak nouriti oblije jènn timoun lokatè yo retounen nan lari ankò yon fason pou yo chèche kote lavi fè kwen.

Fatra kap fè moun esplikasyon pa gen bouch pou pale; ti kal dlo ki nan yon basen kap degaje dlo sant se la tout timoun yo aprovizyone dlo pou tout bagay. Konsa, anpil nan ti inosan yo ap degaje maladi gratèl fas a yon espas ki genyen yon enfimri ki pa fonksyonèl depi dig dantan. Pi gran popilasyon an nan sant sa mande Leta di yon mo pou yo nan kad ede yo ak yon metye profesyonèl kote ke yo kapab itil lavi yo demen.

Centre d’Accueil Delmas 3 (CAD) ki sou titèl Ministè Afè Sosyàl te inogire anba lobedyans “Timoun Jodi, Lespwa Demen” sou prezidans Michel Martelly nan lane 2013. Li te youn pami mèyè bijou entèvansyon sosyàl ke ministè a pa janm kreye. Sepandan, nan sitiyasyon deplorab ke CAD trouve l depi plis pase 3 lane, montre aklè ke Leta pa janm fè provizyon pou jere, swivi, ak prezève sa yo mete sou pye.

Konsa, sa vle di ke Leta pa genyen nan kilti yo konsiderasyon pou yon seri plan amenajman ou operasyonèl menm avan yo antreprann yon latriye pwojè “bèl bouke flè” ki pral transfòme an yon veritab pil fatra kap degaje move odè. “Moun pa bati anyen san yon plan amenajman ou kontinwite.”

Comments are closed.