VIV BYEN NAN JEREMI POU YON BON PATI NAN SOSYETE A REPREZANTE YON KASKET CHINWA.

1,468

02-10-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Viv chak jou nan Jeremi, selon sa moun nan zòn defavorize yo, peyizan yo, e menm moun swadizan ki fè pati klas mwayènn yo deklare: se kalvè ak monte maswife parapò ak chète lavi a kap ogmante chak jou ki jou.

Nan kad yon virewon mikro TRiboLAND fè nan mache piblik vil Jeremi an, tout kouch sosyal yo ki nan kategori moun afè pa bon yo, fè konen yo paka kenbe ankò; e bwa a mare tout bonvre! Yon ti bousta lwil ki pa dekalite ap vann 350goud, bwat lèt Bon Gou 100goud, gode sik kwèm 100goud, mamit mayi 500goud, mamit pwa nwa 1200goud, katon zé blanch 1000goud, zé poul peyi 50goud, yon ti kok poul peyi 1500goud, bokit dlo 25goud, kamyon dlo 7500goud. Pwi sa yo valab sèlman pou mitan vil Jeremi.


Pou kèk moun se pou premye fwa nan vi yo, lavi a parèt difisil konsa. Lapli pa tonbe depi kèk mwa menm fèy nan bwa pa pouse, zannimo kou kretyen vivan rèd mare anba grangou kloròks, lavi chè sa ke anpil moun rele KALIKO, ki vle di pa genyen lanvè ni landwèt.

Fas a mizè san parèy sila a ke majorite a ap viv depi yon bon bout tan nan Jeremi ak nan lòt zòn yo nan depatman Grandans, popilasyon an ta deklare ke se yon sèl mouri ki genyen, e ke lanfè gouvènman initil la kreye a, pap ka rete konsa!

Konsa, atravè TRiboLAND, pèp eksplwate a mande swadizan enstans konsène gagotè ak reselè etranje yo nan peyi a, sispan mete pye sou kou pitit tè a kap finn mouri nan grangou ak malsite.

Comments are closed.