Gouvènman Jamaik la envite tout sitwayen nan 3 Jou Netwayaj Nasyonal

0 338

Kingston___(TRiboLAND) Gouvènman jamaik la ankouraje tout fanmiy atravè tout peyi rasta a pou yo pote kole nan plizyè joune konbit netwayaj kap fèt nan fen mwa Janvye a yon fason pou rele chalbarik dèyè zònn kap pwopaje marengwen e fè pwòpte kominote.

Apèl sivik sa li lanse ayè Jedi a nan Errol Flynn Marina nan Port Antonio, Portland kote ke Minis Sante a, Doktè Christopher Tufton konfime pandan yon meeting ke se Pwemye Minis Andrew Holness kap gen pou kowòdone tout activite yo.

Related image
Minis Sante Jamaik la, Doktè Christopher Tufton ap patisipe nan netwayaj pou kwape deng

“Konsa, apati 24, 25, e 26 nan mwa Janvye sa, Ministè Kilti, Rekreyasyon ak Spò Olivia Grange nan tèt kole ak tout rès gouvènman an ap genyen Joune Nasyonal Pwòpte, nan objektif pou kwape gwo bout bwa raje ki se youn nan mwayen pou eradike deng ki se yon gwo kriz pou nou,” dapwè sa Tufton deklare.

“Nou vle tout sitwayen Jamaiken patisipe nan yon parèy mouvman. Nou vle moun chak kay gade dèyè lakou lakay yo, chèche e mete deyò tout vye bout bwa raje e nou pral travay ansanm avèk National Solid Waste Management Authority ak tout lòt ajans pou debarase debri sa yo ki se pi gwo koz deng lan kap tchalenj peyi Jamaik.”

Leave A Reply