Yon gwoup pwofesè kap reklame 3 lane aryere salè pete eskonbwit andan Ministère Education National et Formation Professionelle (MENFP) Nòdwès la.

155
0
Share:

Se te anviron 8:45 am ayè Lindi 22 Avwil la plis pase yon 50ènn profesè Pronèk ak PSuGo anvayi lokal Ministè education nasyonal ak fomasyon profesyonèl nan vil Pòdpé: rezon an se paske yo genyen plis pase 3 lane yap travay san touche.

 Pwofesè sila yo ki tap lanse pawòl piman bouk epi tante rantre nan biwo Direktè depatmantal la. Konsa, yo frape pòt ak kèk biwo andan minister-a. Dirèktè-a ki tap chèche debarase-l de profesè sila yo fè konnen se finans ki pa voye fèy pewòl ak kantite kòb pou peye moun yo.

Antouka, pandan li mande pwofesè yo pou yo al nan finans pou poze problem nan. Sa pat pran tan pou pwofesè yo te ale nan biwo finans pou yo te kapab jwenn plis esplikasyon sou rezon ki fè yo pa touche, alòske 3 semènn deja ekoule depi finans depoze lajan pwofesè nan BNC Direktè finans lan ki bòkote pal fè konnen se dirèksyon depatmantal edukasyon ki dwe voye lis pwofesè ak fèy pewòl yo ba li.

Se yon sitiyasyon ki sanble tèt koupe ak yon konplo pou trennen nan labou sistèm edikatif la nan depatman Nòdwès; lè-n konsidere plis pase yon 100 ènn pwofesè ki nan klàs lekòl ki gen plis pase 10 lane ap travay san touche. Se yon sitiyasyon ki preokipe anpil moun kap viv nan depatman an ki mande pou leta sispann gaspiye lajan nan bagay ki san valè.

Jean Herold Etienne, Triboland

Share:

Leave a reply