Tansyon sou nouvo kod penal la fòse gouvènman an revizite travay komisyon prezidansyèl sou refòm jidisyè 2013 la

461

Pòtoprens___(TRiboLAND) Sou lòd prezidan repiblik Dayiti a, Premye Minis Joseph Jouthe resevwa enstriksyon pou rapouswiv konsiltasyon sou dekrè ki makònnen avèk nouvo kod penal ayisyen an ki soulve anpil mezantant ou foustrasyon avèk deba nan sosyete ayisyènn nan.

Konsa, chèf gouvènman an pat pran tan pou te rankontre vandredi 10 jwiyè 2020 a manm komisyon prezidansyèl 2013 ki te nan “pase men” sou refòm jistis la. An jeneral, bat bouch yo te plis chita sou dènye “kout san” ak “frape pye” ki genyen alawonnbadè sou nouvo kod penal la.

Premye Minis Jouthe konfime konsiltasyon ak bat bouch yo ap rapouswiv ak diferan antite nan vi nasyonal la, jan sa eksprime atravè volonte prezidan an yon fason pou jwenn yon antant sou diferan atik kap bay anpil lawouli yo.

Comments are closed.