Lajistis: yon avi rechèch ak yon manda damne lanse dèyè profèt Berger

439

Pòtopwens___(TRibOLAND) Komisè gouvènman tribinal Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant egzije komisarya polis direksyon santral polis jidisyè a pou fè tout sa ki kapab pou mennen ba li Gonzalès C. alyàs profèt Berger kap viv nan komenn Kafou.

Nan yon entèvyou ke li bay Vant Bèf Info, Mèt Jacques Lafontant deklare ke li lage yon avi rechèch ak manda damne dèyè profèt Berger pou detansyon zam ilegal ak asosyasyon malfektè; yon seri enfraksyon ki gen pou wè avèk atik dekrè 23 me 1987 la ak 224 kod penal la.

Comments are closed.