Minis Jistis la egzije komisè gouvènman Pòtopwens rapouswiv san gade dèyè tout pèsonalite sangwen ki tonbe anba sanksyon LONI yo

502
0
Share:
TRiboLAND

Pèsonalite ki tonbe anba madoulè sanksyon òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, riske wè janvye avan Nwèl san konte leve kouri. Nan yon korespondan papye tenbre ke li mete deyò, komisè gouvènman Pòtopwens lan, ministè Jistis mande li pou pran bonjan dispozitif konsèvatwà kont tout latriye annafè ki tonbe anba sanksyon LONI yo.

Enfòmasyon yo nan korespondan sila, fè eta de egzijans Patrick Pelissier bò kote komisè gouvènman an pou pran dispozisyon legal pou poze lapat sou kont ou magogo lajan annafè ou reselè teworis sila yo ki tonbe anba madichon òganizasyon Nasyon Tèt Kole a.

Antouka selon nòt lajistis la, enstitisyon finasyè ki espesyalize nan domèn nan dwe al boske ou fouye zo nan kalalou sou aktivite malandren sa yo ki enplike nan finanse teworis, aktivite lavaj lajan ak revandè zam kap detwi moun pa pakèt e latriye.

Share:

Leave a reply