Yon delegasyon ministè edikasyon nasyonal vizite Nòdwès nan kad repriz aktivite skolè yo

453

Pòdpè___(TRibOLAND) Yon delegasyon ministè edikasyon nasyonal rive matenmadi 7 jwiyè 2020 an nan vil Pòdpè nan kad repedalaj aktivite edikasyonèl yo, adopsyon konsiyn sanitè yo e adopsyon egalman konsiyn pedagojik yo.

Nan yon konferans pou laprès ki bay nan biwo malouk Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la (DDENO), ki chaje ak slogan pwotestasyon tout kalite, repezantan biwo kominikasyon ministè edikasyon nasyonal la, Mesye Hudson Saint-Fleur te pran lapawòl e li tap elabore sou diferan repons stratejik ke gouvènman Joseph Jouthe pran pou fasilite kliyantèl skolè a kontinye benefisye yon bon jan edikasyon malgre sitiyasyon kovid-19 la.

 Konsa, reprezantan biwo kominikasyon ministè edikasyon nasyonal la, te mete aksan sou yon platfòm ki rele “Pratik” ki konstitye yon minn resous pedagojik ki kapab fasilite kontinyasyon aprantisaj an liyn jiskas ke lekòl louvwi nan mwa Dawou a. Li ankouraje paran ak tout moun ki konsène pou fasilite itilizasyon ou koneksyon “Pratik” ki deja ap bay anpil rezilta.

Kèk jounalis ki te prezan pat ezite adrese kesyon fondamantal ki chita sou problèm kouran e latriye ki kapab yon andikap majè pou itilizasyon platfòm “Pratik” la. Konsa, responsab yo te deside pase akote pou deresponsabilize wòl leta (EDH) nan kad fasilite enèji pou enplemantasyon yon parèy zouti aprantisaj.

Mesye, Saint-Fleur deklare anpil moun toujou ap plenyen pou elektrisite alòske pwèske nan tout kote nan peyi a, ou jwenn chak moun genyen yon smart phone e ale alèz sou facebook e pataje yon pakèt bagay jis pou fè tripotaj. Konsa, li estime si yo kapab gen aksè pou fè menm bagay la tou pou ede aprenan yo gen aksè a platfòm “Pratik” la. Yon apròch ke plizyè sektè estime ki trè enpètinan.

Comments are closed.