Pakè Pòdpè : “operasyon kwape bandi”

1,985

11/08/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pakè pòdpè a an kolaborasyon ak direktè depatmantal polis nòdwès la pran gwo mezi vandredi kite 5 novanm 2021 an, nan lide pou konbat ensekirite k ap taye banda sou tout depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil pòdpè.

Chèf pakè pòdpè a ki se Jean Volney Bellamin pran desizyon kont fenomèn ensekirite k ap layite nan tout kwen Nòdwès la. Konsa, mande tout sitwayen ak sitwayèn pou yo “mache sou penga pou yo pa pile sim te konnen”; kidonk, yodwe koube yo sou sa lalwa di.

“Sèl fason pou w pote zàm, fòk se lajistis ak lapolis ki pou otorize w. Ou pa dwe pote zàm blanch tankou pik, kouto, ponya pou site sa yo sèlman. Nan sans, tout maman ak papa pitit dwe pote kolaborasyon yo ak otorite yo, yon fason pou okenn timoun pa pete klorat, pit etwàl ak lot bagay ki ka fè gwo detonasyon kap twouble lapè piblik. Lajistis ak lapolis detèmine pou pwosede ak arestasyon tout endividi lwijanboje ki ta deside pa danse kole ak sa lalwà di”, dapwè komisè gouvènman, Jean Volney Bellamin ki tap depoze.

Sonje mache ak pyès ki ka identifye w paske Pakè a ak seksyon ankèt lapolis la gen bon enfòmasyon sou bandi san fwa ni lwa kap antre vin kache nan vil la nan lide pou simen latwoublay.

Antouka, “operasyon kwàpe bandi” ki nan konplisite ak lapolis, pa kite egalman endiferan tout
nèg ki “traid” “tèt pikan trese” dwe konfòme yo, pandan ke Pakè a konte sou kolaborasyon tout sitwàyen konsekan ou responsab.

Louis Jameson

Comments are closed.