Fondasyon TRiboLAND klotire 3 jounen fòmasyon gratis li sou fabrikasyon valiz ak sandal atizanal nan Lavo

997

12-28-2023

Pòdpè,Lavo, Ayiti__(TRiboLAND) Se jounen jedi 28 desanm 2023 a, Fondasyon TRiboLAND arive klotire 3 jounen fòmasyon li yo gratis ti cheri, sou fabrikasyon valiz ak sandal atizanal, nan lokalite Lavo, depatman Nodwes.

Plis pase yon senkantèn jèn te reponn prezan e ki te sòti nan tout ti kwen nan lokalite Lavaud menm jan sa te fèt nan komin Basen-ble, pou te vin asire plas yo nan kad fòmasyon gratis sila.


Premye seyans yo te dewoule sou konfeksyon bèl sandal atizanal epi dènye seyans yo ta pral konsakre sèlman sou plizyè fòma valiz dènye kri, anba lobedyans fòmatris Ermithe Lami.

Anpil souri, anpil kè kontan ak yon latriye bwavo pat sispann klèwonnen, ni nan mitan patisipan yo, ni nan mitan estaf TRiboLAND yo, yon lòt fwa ankò pou bèl reyisit yo pandan 3 jounen sila yo, nan lide pou te apresye epi bay valè ak plizyè bèl zèv oubyen bèl reyalizasyon aprenan yo.

Fondasyon TRiboLAND reyafime angajman li nan batay lap mennen kont fenomèn delenkans jivenil la. “Nou pap fè bak, malgre fòs fè nwa sangwen yo ap kreye kontrent ak menas pou nou pa bay fomasyon yo gratis, nou deside tout vre akonpanye sila yo ki nan povrete ak mal site”, se deklarasyon alatèt Fondasyon TRiboLAND lan, Papa Loulou.

Nap raple, TRiboLAND pa nan reselè ak oken ONG, misyon donatè blan, politichyen ak richyen sangwen ayisyen; finansman pwogram fomasyon atravè peyi Dayiti, inikman chita sou sakrifis ak zèv Papa Loulou.

Comments are closed.