Ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide ap fè fas ak kowonaviris nan Kiba alòske manman l nan Florid di planèt la adye!

685

06/25/2021

Miami, Florida_______(TRiboLAND) Ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide kite peyi Dayiti yè jedi 24 jwen an pou li ale pwan swen medikal pou enfektion kowonaviris nan peyi Kiba.

Sepandan sa pa rete la; nan mwens ke 24èd tan, fanmiy ak fanatik pwezidan Titid ta pwàl yon lòt sezisman ak yon kout dlo fwèt, lè yo te aprann lanmò bwit sou kou nan Miami, Solange  S. Pierre Louis Aristide, manman ansyen chèf deta a nan Florid jodi vandredi 25 jwen 2021 an.

Madam Pierre Louis Aristide te genyen mete sou tè a 2 pitit: Anne Marie ak Jean Bertrand Aristide. Li mouri apwè plizyè semèn malad selon plizyè sous familyàl. Manman ansyen pwèt Sen Jan Bosko a, apèn sot fete 6 me dènye 100èm anivèsè li.

Ke nam Solange Pierre Louis Aristide repoze nan lapè e ke Bondye sèvi ranpa pou lidè pati politik Fanmiy Lavalas la ak tout fanmiy e senpatizan ki koulya ap viv plizyè soufwans alafwa!

Comments are closed.