Sekretè Deta Afè Sosyàl la: Emmanuel Cantave mouri anba kovid-19

541

Pòtopwens___(TRiboLAND) Sou kont tweetè li, sekrete deta kominikasyon gouvènman Moise-Jouthe la, Eddy Jackson Alexis anonse lanmò sekretè deta Afè Sosyàl la, Emmanuel Cantave alyas “Manno” ki fwape anba pandemi kovid-19 la.

Emmanuel Cantave “Manno”

Emmanuel Cantave ki se yon lòt viktim ki ajoute nan lis sa yo ki deja transpòte pou lodela anba kovid-19 la, ki te anpil dezolasyon, patikilyèman nan mitan pati politik Fanmiy Lavalas, kòm yon ansyen Gran Toryan ki te konn milite san pran souf.

Pandan ke nanm ansyen dirijan “Aigle Noir” ap repose an pè, viris la pa sispann ap vale teren; li pran yon vitès kè sere kote ke li deja voye ale plizyè kad nan gouvènnman Moise-Jouthe. Konsa, li evidan pou moun mande ki lès ki pral pwochen viktim nan?

Comments are closed.