Grandans: Vis-delege Bomon an tonbe anba akizasyon vyòl ak jwèt sisinaj sou yon ti lèzanj 15 lane

199
0
Share:
TRiboLAND

01/03/21

Grandans____(TRiboLAND) Direksyon pwoteksyon sitwayen (OPC)nan depatman Grandans rele 2 men nan tèt e kouri atrap yon ka vyòl ak sisnaj ke li konfime ki enplike vis-delege Bomon an, depatman Grandans, Metzgard Chaumette.

Responsab yo nan direksyon OPC a kenbe zonbi delege a yo akize kòm kadejakè ki pwente zàm sou yon ti lèzanj 15 lane e vyole’l san onè san pitye. Yon dosye ke responsab OPC yo an kolaborasyon avèk fanmiy viktim nan deja atrape pou pouswit legal ak medikal yo.

Nap raple, tankou yon pakèt lòt krim, zak vyòl ou dap piyanp seksyèl, jwèt sisinaj ak kadejakè kontinye ap balaye sozyete ayisyèn nan dènye tan sa yo.

Share:

Leave a reply