Distans sosyal tounen rapwòchman sosyal selon desizyon gouvenman an pou relouvwi plizyè endistri

0 388

Pòtopwens___(TRiboLAND) Distans sosyàl tounen rapwochman sosyàl selon imaj antre Pak Endistriyèl CODEVI a maten Lendi 20, 2020 an.

Avèk maladrès gouvènman an ki pa sispann afiche yon feblès onivo pouvwa konvokasyon li, yon lòt fwa ankò manke a devwa li pou sansibilize popilasyon an fas ak Kowonaviris la.

Ouvèti Pak Endistriyèl genyen anpil enpòtans; non sèlman pou kenbe sa yo ki te deja ap debouye nan yon sipò respiratwa ekonomik, men tou pou ede rafòseman pwodiksyon mas pou peyi a nan yon moman ekstrèm grav pou Ayiti an tèm ekipman sanitè.

Sepandan, responsab pouvwa a yon lòt fwa ankò voye flè. Yo echwe nan chwazi pa fè prèvt kreyativite an tèm “savoir faire” yon fason pout e jwenn yon fòmil sistematik ki te kapab montre konbyen serye gouvènman an enkline nan respekte konsiyn sekiritè yo, espesyàlman distans sosyàl la.

Espèktak gratis liyn moun kwense tankou sadinn ki pa sispan repete nan diferan biwo ONA nan peyi a, repete ankò nan Pak Endistriyèl la maten an. Antre a fèt san modalite, pil sou pil, moun san mas, anfen nou lwen pou konprann egzijans Leta a. Konfizyon total kapital nan mesaj kowonaviris la ki pwàl jwenn pèp la ki deja pa sanble nan wout pou pran otorite lakay oserye!

Leave A Reply