Me “Toto” tololo: finalman ansyen lidè kriminal FRAPH la retounen nan peyi Dayiti

496

Pòtopwens____(TRiboLAND) Ansye lidè Front Révolutionnaire Armé pour le Progrès d’Haïti ( FRAPH) la ou ansyen kòkòday ansyen pwezidan Michel Martelly, Emmanuel Constant alyas “Toto Constant” finalman rive jodi 23 jwen 2020 an nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture.

Depòte a ki sòti puje pènn li nan peyi Etazini pou fwod tout kalite, te deja jwenn kondanasyon li anba koutumas nan peyi Dahiti pou yon latriye krim li te komèt pandan peryòd koudeta 1991-1994.

Osito li tap kite pòt avyon an, ansyen chèf milis paramilitè FRAPH la, ki te egalman ansyen ajan CIA te entèsepte anba men ajan direction centrale de la police judiciaire (DCPJ). Konsa, yon ti tan apwè tès depistaj kovid-19 la, dapwè kèk otorite, Toto ap antre tèt dwat nan penitansye nasyonal pou kontinye puje pènn li selon Lalwa Ayisyènn.

Sepandan anpil moun gen asurans ke akwentans “Toto” ak kòwonpi anndan peyi a ka toujou fè jistis popilasyon ayisyènn an pran nan tolalito.

Comments are closed.