Lapli san rete nan Senlwidinò bay anpil van panik ak galimatcha

1,031

12-08-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe e ki nan konplisite ak gro vag lanmè nan jou sa yo nan Senlwidinò, mete komin nan tèt anba ak fatra galimatcha.

Lapli manch long lan, ki genyen plizyè jou depi ke lap taye banda, mete popilasyon an anba gro panik, patikilyèman dega dlo desann yo. Genyen plizyè katye ki enpratikab ak fatra tout kalite, patikilyèman nan zòn tankou Ri Dikè, kote panik vag lanmè yo fòse plizyè rezidan ta kouri abandone lakay yo.

Konsa, si lapli a ap kontinye tonbe nan yon nivo parèy, bwa kapab mare pirèd pou popilasyon nòlwizyèn kap viv yon je ouvè yon je fèmen anba je yon swadizan Leta koupyon ki pa menm egziste.

Li enpòtan pou nou soulinye ke Senlwidinò se komin ki pi pròp e bèl nan depatman Nòdwès la. .

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.