Gras pwezidansyèl pou 415 pwizonye
Pòtopwens____(TRiboLAND) Dapwè atik 146 nan Konstitisyon 1987 la, se inikman pwezidan peyi a ki kapab akòde pwizonye gras pwezidansyèl. Konsa, jodi madi 23 jwen 2020 an, sou rekòmandasyon minis Jistis ak Sekirite piblik la san konte entite ki responsab sant enkaserasyon ki konsène sou ekspansyon popilasyon kaseral la ak rediksyon pwopagasyon kovid-19 la.
Nan sans sa, chèf Leta a, Jovenel Moise deside mete an libète atravè gras pwezidansyèl yon bon valè pwizonye nan 17 sant penitansye atravè peyi a, dapwè yon arete ki pibliye nan nimewo 105 jounal ofisyèl, “Le Moniteur,” 19 jwen 2020 an.
Sant Kaseral | Lwès | Nò | Nòdès | Nòdwès | Sid | Sidès | Nip | Atibonit | P.Santral | Grandans |
Pòdpè | 25 | |||||||||
Jeremi | 90 | |||||||||
Mibalè | 51 | |||||||||
Sen Mak | 38 | |||||||||
Pòtopwens | 31 | |||||||||
Okay | 30 | |||||||||
Jakmèl | 29 | |||||||||
Fòlibète | 27 | |||||||||
Gran Rivyè Dinò | 26 | |||||||||
Aken | 20 | |||||||||
Ansavo | 15 | |||||||||
Kwa Dèboukè | 9 | |||||||||
Kap Ayisyen | 5 | |||||||||
Okoto | ? | |||||||||
Ench | ? | |||||||||
Gonaiv | ? | |||||||||
Ti Gwav | 4 |
Comments are closed.