Ayisyen ekspulse lakay Tonton Sam yo rive nan Èpòt Toussaint Louverture; men jounalis pa gen aksè pou antre

0 431

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan kad pou detèmine santiman konpatriyòt ayisyen ke Tonton Sam ekspilse nan moman ravaj Kovid-19 la, jounalis pat gen aksè antre nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture pou ale boske enfòmasyon sou plis pase yon santènn ayisyen.

Jonalis yo ki te plis pase yon dizènn melanje ak fotograf, tap trese lèl, men pat kapab bòde akoz barikad ki te plase nan antre èpòt la. Selon kèk sous medyatik, yon parèy konpòtman gen pou wè ak desizyon Direksyon Ofis Nasyonal pou Migrasyon an (ONM).

Moun te ka konstate pwezans ajan sanitè sante piblik yo ansanm avèk yon otobis ONM pran ekspulse yo e ale avèk yo nan direksyon yon sant karantènn non idantifye, dapwè sètènn sous.

Leave A Reply