Yon lòt gwoup depòte US konte antre Pòtopwens, genyen posiblite pou Toto Constant pami yo

0 335

Pòtopwens___(TRiboLAND) US Immigration and Customs Enforcement konte depòte Lendi kap 11 Me 2020 plis pase yon santènn pwizonye an Ayiti, dapwè jounal Miami Herald.

Selon manifest vòl la ki soti nan HRRW, ta sanble yon gwo ansyen leader kriminèl tòsonyè, yon ansyen ajans CIA ki te alatèt yon òganizasyon malfektè ki te rele Front pour Avancement Progrès en Haiti (FRAPH), ki te pran nesans apwè koudeta militè ki te kapote gouvènman Aristide la nan lane 1991, ki responsab egalman pou yon pakèt atwosite, vyòl, san konte masak kont sipòtè Aristide nan Raboteau nan lane 1994, Emmanuel “Toto” Constant, ki gen 63 lane, tap viv nan peyi Etazini depi lè li te leve kouri kite peyi Dayiti nan mwa Desanm 1994.

“Toto” Constant pran nan yon pakèt “show” nan peyi Etazini; konmanse pou akizasyon vyòl pou rive sou frod imobilyè nan lane 2006. Yon jij federal te refuse depòtasyon li yon fason pou li pat ale fè fas ak sa ki te deja ap tann li nan peyi Dayiti fas ak yon jistis ke ameriken yo pa fè konfyans. Constant te jwenn santans li pou 37 lane pwizon. Nan moman sa, li twouve li nan Buffalo Federal Detention facility nan Bataria, New York depi 2 Avwil, dapwè yon sous ki ta konfime ke li pap nan vòl demen Lendi 11 Me a pou Pòtopwens.

Pandan ke li poko klè pou yon evantyèl depòtasyon yon parèy kriminèl, “Toto” gen gwo tonton santans jistis ayisyènn lage sou tèt li! Si tout fwa, Toto Constant ki te yon konpayèl ansyen pwezidan Michel Martelly pendan mouvman FRAPH la, se posib lap genyen anpil gwo zèl kat pouvwa a ki ka jwe anfavè li, yon fason pou yo blanchi li ak yon Jistis ki pa sispann simaye Enjistis.

Leave A Reply