Direksyon PNH la lage yon “Avi pote vini” dèyè 7 polisye ki ta danse kole ak gwoup Fantom 509

347

03/23/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Direksyon Jeneral Polis Dayiti ap cheche tankou chyen fou 7 polisye ke yo akize kòm manm group “Fantom 509”, pou krim asasina ak demolosyon byen piblik ak pwive, se sa ke moun te kapab li sou paj ofisyèl Facebook enstitisyon an.

Pami moun akize sa yo ki genyen yon “avi pote vini sou tèt yo”, ou jwen: Jean Elder Lundi, enspektè e Kòwòdonatè SPNH-17 la, Abelson Gros Nègre, ancien membre dudit syndicat, Alexandre Pascal, Louis Ludner, Antoine Dario, Jules James Josué ak Guerby Geffrard.

Nap raple, parèy desizyon sa a rive nan moman enstitisyon PNH la efondre fas ak yon seri deriv: krim, bwitalite, kòripsyon, inite parallel (All Black, G9) ensekirite, enplikasyon politik ak gouvènabilite ki pa kadre ak lalwà Repiblik Dayiti.

Comments are closed.