Polisye UDMO Lwès II yo anonse y’ap kanpe travay nan jou k’ap vini la yo.

762

04 – 21 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Nan kad yon pwen deprès kèk polisye UDMO Lwès II yo te rive bay jounen dimanch 21 avril 2024 la, yo anonse y’ap kanpe travay nan jou kap vini la yo, pou egzije wo grade nan PNH la peye yo frè 135 mil goud yo.

Kèk polisye ki t’ap bay detay sou frè 135 mil goud la fè konnen, se yon kòb yo te dwe bay chak grenn polisye swa ki pèdi kay yo oubyen ki viktim nan yon lòt sans anba grif gwo koure gang sangwen yo.

Foustre parapò ak jan yo distribye kòb la, divès polisye ki te fè entèvansyon yo fè konnen, se yon gwoup polisye UDMO yo jere alòske yon gwoup pa jwenn menm yon goud lesko.

Nan sans sa a, polisye UDMO Lwès II yo raple gwo palto eskanmòtè nan PNH la, ke sak te pase nan vèy la pap pase nan lantèman an, e pwomèt nan jou kap vini la yo y’ap kanpe travay vle pa vle.

Comments are closed.