Dosye Village de Dieu a kontinye ap swiv Carl Henry Boucher ki koulya anba gwo mezi konsèvatwà

348

04/07/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay madi 6 avril 2021 an, Enspeksyon jeneral PNH la, atravè pòtpawòl IGPNH la, Jonet Vital mete yon bemol sou sitiyasyon Carl Henry Boucher a, kote ke li endekse akoz enplikasyon li nan nan echèk operasyon Village de Dieu a 12 màs dènye ki te okazyone lanmò 5 polisye PNH ki jiska prezan kadav yo poko rekipere.

Nan eksplikasyon ke li t’ap bay sou sò Carl Henry Boucher, Enspektè Jeneral Jonet Vital te mete aksan sou yon grap dispozitif administratif ki pran kont li, jis pou enspeksyon jeneral la jwen ase tan pou li ankete e fè limyè sou yon seri pwen.

Vital rapouswiv pou li di ke Boucher pat janm fèmen vrèman nan yon kacho, kontrèman jan anpil moun vle fè kwè li. Anplis de sa, enspektè a te benefisye egalman bonjan asistans krese sere pou sante li nan moman peryòd “kanpe lwen pa pwoche” a.

Paralèlman, Vital te fè ti bat bouch egalman sou dosye evazyon nan prizon Kwa Dèboukè a ki pa sispan ap fè pale de li. Li konfime ke yon parèy dosye ap byen mache e ke genyen yon latriye polisye ke yo deja tande e yon trantèn polisye deja plase nan “kanpe lwen pa pwoche.”

Nap raple, Carl Henry Boucher se inik antite ke yo endkse nan lòbèy Village de Dieu a, ke anpil moun konsidere kòm yon jwèt fiyèt lalo ki te voye polisye viktim yo al mouri san backup.

Comments are closed.