Jude Charles Faustin rache yon pòs sekretè jeneral pou Pwimati

490

Popwens____(TRiboLAND) Nan yon anbyans elegans ak ouvwi chanpay, chèf gouvènman an Joseph Jouthe tap salye depa ansyen sekretè jeneral pwimati a, Hugues Joseph e fè elòj pou Jude Charles Faustin ki se nouvo sekretè jeneral la ki plis ke kalifye pou yon parèy pòs.

Konsa, pou PM JJ, li swete ke konpetans nouvo sekretè jeneral pwimati a pral pote yon kolaborasyon amonyez ant diferan kad ak anplwaye nan enstitisyon an ki pral benefisye yon seri jarèt striktirèl ki asosye avèk sèvis pwimati nan kad refòm leta selon vizyon pwezidan Jovenel.

Kidonk, nan yon espas ki te chaje ak diferan kad ak anplwayè pwimati a, nouvo sekretè jeneral pwimati a te pwofite sable chanpay apwè ke li te rasure PM JJ ke li pral fè tout sa ki nan abilite li pou ede visyon pwezidan repiblik la ak pwemye minis la ateri.

Nap raple, Jude Charles Faustin pa yon nouvo nan kolònn pitit PHTK kap resevwa benediksyon lagras ak grès pouvwa Jovenel Moise la. Sa pa gen lontan li tap jwe wòl konseye pwezidan repiblik la nan palè nasyonal.

Comments are closed.