Plizyè chèf gang konfese peche yo e detèmine pou kaba avèk zak vyolans pou yon komin Senlwi Dinò pasifye

12/26/2025
Senlwi Dinò, Ayiti_______(TRiboLAND) Nan yon odyo konfesyon kap sikile sou rezo sosyo yo, plizyè chèf gang ki te dozado, detèmine pou chanje naratif vyolans ou ensekirite a, nan komin Senlwi Dinò, patikilyèman nan yon seri rejyon tankou Degranj.
Nan yon parèy odyo, chèf gang Ti Rach, ki se yon natif Senlwi Dinò, yon lòt fwa ankò mande lapè ak inite nan komin nan. Li temwanye, ke li lakoz twòp moun mouri, e li vle kanpe wobinè san an kap ravaje popilasyon an.
Ti Rach ki di li pa vle pou moun kontinye mouri sou konsyans li ankò, tap pran yon seri angajman pou antre tout zam ak mete group bandi li yo sou lòd. Li menase egzekite tout sòlda ki ta tante travèse lizyè e pou al fè vyolans nan lòt zòn nan objektif pou mete andanje yon parèy konpwomi pou lapè fè chemen li; li menase egalman pou li fè egzekite annafè sila yo, menm si se ta manman li.
Ti Rach, ansanm avèk ansyen advèsè li, detèmine pou yo dote komin Senlwi Dinò lapè; kote ke tout moun dwe vake ak okipasyon yo, menm jan sa te ye avan. Li deklare, menm pitit li ak madanm li ki toujou ap plenyen nan moman yon seri leve kouri, te kontan tande yon parèf desizyon ki vize mete fen nan tout kalite zak vyolans ou chyen manje chyen.
Chèf Ti Rach, ki deklare klèman li antre nan kokiy li, rete kwè pa genyen lavi nan lagè, sinon ke nan lapè. Pi lwen, chèf gang la rekonèt tout sa li te fè ki pa bon; e li menm di genyen nan yo ki pwèt pou ta rann tèt yo, e puje pèn yo, yon fason pou yo fini avèk tou bagay. Pou plizyè nan yo, aktivite bandi a, pap mennen yo oken kote; yo fè konnen, nan tout fim sinema, bandi yo pa janm pa mouri!
Antouka, anpil moun bat bwavo ak lakontantman pou yon parèy deplasman bò kote yon group gang, ki deside konfese peche yo, e menm arive mande komisè gouvènman Pòdpè a, Jeir Pierre pou deplotonen egalman yon seri brigadye nan komin Senlwi Dinò, menm jan sa fèt pou vil Pòdpe.
Nap raple, selon deklarasyon chèf gang komin Senlwi Dinò yo, levanjil lapè ke yo ap pwone nan moman sa yo, genyen anpil pou wè avèk kapasite ou konpreansyon komisè Pierre, nan fason li te abode problèm ensekirite ak lapè piblik la nan komin lan. Yo mete chapo ba devan li, pou fason li te arive dyaloge ak yon seri jèn gason e menm frete konsyans yo fas ak nesesite pou lapè jayi nan komin ki devaste ak vyolans gang.






