Yon dife kankannen yon bò nan zèsèl mache kominal Tit Rivyè Latibonit lan

282

Tit Rivyè____(TRiboLAND) Yon bò nan zèsèl mache kominal Tit Rivyè a ki konsidere kòm espas pou machann twàl, pwodwi dijèn ak kosmetik, pran dife yè madi nan sware 16 jwen 2020 an.

Devan konsta dega materyèl yo ki bay anpil lawouli ak sezisman, viktim yo pat konnen ki sen pou yo rele! Dlo nan je, 2 men nan tèt ak yon kadans doulè nan ren tap kriye tankou ti moun piti.

Pou anpil nan viktim sa yo, se pwèske tout yon fòtenn lajan pwete ki ale nan lafumen e kite dèyè l konbyen ane dèt. Konsa, anpil rumè ki pa kredib pa sispann lonje dwèt jouda sou neglijans yon malere machann manje kwit ki ta lakòz yon parèy ensandi.

Comments are closed.