Yon gwo dife ap vale teren nan Okap kèklke èdtan avan komemorasyon Batay Vètyè yo

0 390

Dimanch 17 Novanm 2019

Okap Ayisyen___(TRiboLAND) Yon batiman ki abwite biwo ONI ak BEC kankannen ra pyetè aswè Dimanch 17 Novanm lan nan Okap.

Dife a ki tap bay anpil payèt nan Ri 19 JK te mete tout zònn avwazinant yo nan panik alòske sèvis ponpye tap miltipliye mannèv pou desann kòlè flanm yo ki pat pwan tan pou pwopaje nan yon vil black out, dapwè plizyè temwen ki te sou chòk.

Ponpye yo ki pat si ekipe ke sa te fè tout ladrès ak egzèsis ki pat arive kontwole kolè fewòs flanm yo ki te disèt otè. Plizyè biwo tankou ONI ak BEC boule plat atè nan yon moman tout peyi ap rete tann kòman divès pwotestasyon yo pwevwa pou komemore 216 lane Batay Vètyè a ap pase.

Selon yon latriye sous, dife-a deklenche akoz kolè popilasyon an sou arestasyon yon militan politik ke lapolis woule anba chaplet e arete sou pwetèks li tap drese barikad.

Leave A Reply