Pwimati anonse lendi 20 septanm kòm jou konje, “Jounen Papa Dessalines”

1,193

09/18/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li mete deyò vandredi 17 septanm 2021 an, sekretarya pwimati a fè referans ak arete 17 septanm 2020 ki dekrete jounen 20 septanm kòm “Jounen Papa Dessalines”.

Konsa, lendi 20 septanm kap vini la, se va yon jounen konje. Tout administrasyon piblik, lekòl, endistri ak komès ak fèmen pou onore anivèsè nesans Anperè Jean Jacques Dessalines ki se Papa nasyon ayisyèn nan, dapwè nòt pwimati a.

Comments are closed.