Bwase lide politik yo, riske mete HCT a sou ban touch

239
0
Share:
TRiboLAND

11-13-2023

Malgre dewoulman chita tande ak Karikòm yo ap pran jarèt e oblije pote rezilta, plizyè regroupman ak pati politik konsène, kontinye ap laloz e kanpe sou dan di yon fason pou Ariel Henry mache pòs li.

Anpil bwas ap miltipliye pou paragrafe yon lòt akò lajman laj ki pou elaji “Haut Conseil de Transition” an ki pral chanje kazak ak yon minimum 3-5 gran Toryan; yon lide plizyè lòt demachè politik ta swete wè.

Konsa, tout bwase lide sila yo, antre nan yon kad pou etènn souf premye konsèy tranzisyon ki ta sanble ap pèdi plim. Kidonk, anfale HCT ak yon modèl bisefal pwezidansyèl ou egzekitif kap mete Ariel Henry ki toujou dezakòde nan plas li tou dousman nan Pwimati.

Antant pou sinye yon parèy akòdeyon, ta sanble nan pasaj. Sepandan, espwa pa sispann boujonnen avèk kèk konpòtman pozitif lakay kèk konsène ki detèmine pou akouchman bebe a fèt, menm anba kout kouto sezaryèn.

Share:

Leave a reply