Gen diplomat pase diplomat! Sa yo ki tomat lage Ayiti anba sapat

3,339

Apwè plizyè ane kabji, deriv, ka kòripsyon ki enplike plizyè bwat diplomatik, diplomasi ayisyèn nan kontinye ap pran lanm e montre yon seri sentòm anemik ki anbarase imaj repiblik la nan nivo nasyonal e entènasyonal.

Antouka, selon yon seri sous etatik, deriv ou tchanpan ak rad sal kap badichonnen diplomasi ayisyèn nan pa date mwa dènye; li se rezilta yon rejim PHTK kòronpi ou idyo ki pa metrize ABC an matyè “bòn gouvènans”. Plase masivman yon seri moun sou-kalifye nan bwàt diplomatik yo; se reyèlman abilite rejim PHTK a. Kalite anbochaj sa yo fèt sou baz fanmiy, zanmitay, rabòday, tokay, mounpa, ki anpil fwa fèt jis pou satisfè egzijans pèsonèl yon seri minis, senatè, depute, sekretè deta kòwonpi ou chèf gang kidnapè.

Dega ak lawont rejim PHTK a koze diplomasi ayisyèn nan nan dènye ane efondreman repiblik Dayiti a, bay anpil kè plen. Kòmanse sou entegrasyon bandi legal, pase sou resèt nan vann paspò, rive sou kontra magogo lajan pou fè “lobbying”pou pwomosyon aksyon gouvènman ayisyen an lòt bò dlo, al tonbe nan nominasyon enkonpetans atravè konsula ak anbasad yo, se yon veritab kochma.

Konpòtman raketè yon seri PM ak minis Afè Lòt Bò Dlo, lage anpil nwàj sou yon seri richès ke yo amase! Se dezòd jeneralize ak yon seri antite san fòmasyon ou eksperyans adekwàt; konsantre pil sou pil ap touche e fè gagotay ou siwotay sou zo bwà tèt yon nasyon ayisyèn ki ap trepase nan povrete. Larepiblik desann nan bafon labou ki pi ba ke yon moun ta kapab imajine!

Sa fè nou panse ak Mesye Justin Viard (aktyèl anbasadè), ki devan zye nasyon ayisyèn nan, yon gwo kad an matyè “Administrasyon Biznis”. Pase ou eksperyans li nan yon seri enstitisyon bank ak envèstisman prive anndan peyi a, pèfòmans li kòm pwezidan ou direktè jeneral Sosyete entegre envètisman ak devlopman (SODEI S.A), temwanye konpetans li nan yon parèy domèn. Malerezman, rejim PHTK a, avèk konplisite ansyen PM Laurent Lamothe pou favè ke moun pa konnen, deside an 2012 devye vokasyon bankè sakre Mesye Viard a, lè li deside parachute li kòm konsil jeneral Monreyàl, Kanada. Wi, se posib genyen konpatriyòt nan Monreyàl ki tap bat bwavo pou pèfòmans Viard nan bwàt diplomatik la lòske yo te revoke li an 2015. Sepandan, eske sa fè de li menm yon moun ki adekwàtman fòme ou kalifye pou yon pòs parèy?

Antouka, Viard ki genyen yon chapo syans ekonomik, titilè yon mastè an jesyon antrepriz nan Inivèsite Pari 1 Panteyon-Sòbòn; diplome an bank sistèm finansye nan Masèy, Lafwans, te rekondwi ankò lè rejim PHTK a te nome li kòm konsil jeneral Ayiti nan Boston, Etazini ane 2019-2020. 16 fevriye 2021, pitit rejim PHTK a ta pràl jwenn yon lòt favè ankò pou pwezante lèt kreyans li kòm Reprezantan pèmanan Ayiti nan Biwo Nasyon Tèt Kole yo nan Jenèv.

Jeneralman, moun fè sa ke ou kapab fè! Bankè rete nan wòl bankè; diplomat rete nan wòl diplomat! Larepiblik dwe evolye, li pa kapab kontinye ap jere an amatè lanvè!

Konsa, malgre enòmite konpetans Mesye Justin Viard kòm kad nan filyè ekonomi a, sa pa ede li metrize ABC dipomasi a. Se konsa, Ayiti ki se manm Groupe des pays d’Amérique Latine et des Caraïbes (GRULAC) te genyen pou asure prezidans yon parèy òganizasyon apati mwà janvye 2022 (pou 6 mwà). Anbasadè Justin Viard ta sanble pat kwè nan konpetans li ase, li te oblije sa ela ap sede okazyon prezidans Ayiti a bay lòt peyi. Konsa, nan mwà desanm 2021, nan yon premye tan swivan lòd alfabetik peyi manm GRULAC yo, Viard ofri peyi Giyann li atravè yon korespondans, refu. Nan yon dezyèm tantativ ki te adrese a peyi Ondiras (Honduras) swivan lòd alfabetik peyi manm yo, diplomat la te pran yon lòt refu. Finalman, li te akouche yon gwo deriv ki te anbarase peyi Dayiti, lè li te avègleman fòmule yon parèy rekèt a peyi Ongri (Hungrie), ki pa menm yon manm GRULAC (gade kopi lèt la).

Ayiti ap efondre akoz lèdè po patat ki pa onèt ni patriyotik. Yo tout echwe akoz defisyans enkonpetans ak moralite ki pa arive triyonfe nan eradike kòripsyon ak inyorans ki kokoratize nasyon ayisyèn nan. Ta sanble se peyi Ongri ki arive fè anbasadè Viard konnen ke li pa genyen anyen pou wè avèk GRULAC ki yon òganizasyon rejyonal. Gen diplomat pase diplomat! Sa yo ki tomat lage Ayiti anba sapat!

Ki desepsyon, ki imilyasyon ou mande pase sa! Se rezilta medyòk lè se dirijan medyòk ki chwazi diplomat tomat ki pat dwe nan yon plas ke li pa fòme pou li. Ou pa redwi yon peyi nan yon parèy nivo degradan konsa PHTK! Gen lekòl ki konfòm pou diplomasi; an nou pran ti kal konsyans sou yon pakèt domaj ireparab ke nou koze peyi a. Devye yon kàd nan espesyalite li e depoze li nan yon bwàt etatik ou diplomatik san konpetans apropriye pou enterè mesken, se genyen yon konpòtman PHTK (Plonje Hayti Tou Kanpe).

Enel Richard, Pòtopwens

Les points de vue et les opinions exprimés par l’auteur ne reflètent pas ceux du site TRiboLAND.com.

Comments are closed.