Yon dekrè pwezidansyèl egzije tout transfè dwe peye nan fòm ke BRH rekòmande

672

Popwens____(TRiboLAND) Nan yon dekrè ke li pibliye madi 16 jwen 2020 an, Bank Repiblik Dayiti (BRH) pran yon seri dispozitif pou pase men nan tranzaksyon biwo transfè yo selon espwi dekrè 6 jwiyè 1989 la.

Sa fè yon bon bout tan konplent kont biwo transfè yo pa sispann moute balkon; kliyan tout kalite ap fè move san pou transfè yo ki pa delivwe an dola ameriken nan plizyè bwàt transfè ki pran yon malen plezi evoke dekot goud la ki koz dola vèt la enposib pou moun jwenn.

BRH menase pou penalize tout enstitisyon mèt dam ke yo jwenn kap chanje modalite ak fòm transfè benefisyè yo ki kontrè ak kalite lajan oubyen to ke BRH endike yo. BRH mande ke tout pati ki konsène nan yon operasyon transfè pran men yo ak responsablite yo nan deviz ke yo resevwa bò kote ekspeditè lajan yo ak pwosedi retwosesyon deviz ki kolekte yo.

Yo enstitisyon transfè ki ta konplis ou angaje nan vyolasyon ak regilasyon yo, ka pab subi yon amann ki ale jiska 3% nan fon yo ki kapad redwi sou kont key o genyen avèk bank santral; e nan ka repetisyon vyolasyon sa yo, enstitisyon sa yo kapab pèdi lisans operasyonèl yo.

Comments are closed.