Van panik nan Pèleren 1: 6 taxi moto bwile nan ponp gaz DCN la

359

Petyonvil____(TRiboLAND) Yon gwo van panik soufle akoz yon ensandi ki kankannen plizyè taxi moto maten madi 16 jwen 2020 nan yon ponp gazolenn DCN nan Pèleren 1, Komenn Petyon-Vil.

Selon temwen, ensandi a rive pran akoz yon ponpis ki tap fè gaz lage san fè ekspwè gazoleen sou motè veyikil la ki te deja ap mache; konsa, sa okazyone dife ki pwopaje sou divès lòt taxi moto ki bwile.

Pou pi piti 6 moto bwile kankannen, sepandan sèvis ponpye te gentan fè dilijans pou pran kontwòl dife bwit sou kou. Kidonk, ensidan sa pa anlve lavi pèsònn moun.

Comments are closed.