Lapolis kraze yon aktivite “Car wash” nan Pòtopwens: yon moun mouri

297

Pòtoprens___(TRiboLAND) Tankou sa toujou fèt, “Car Wash Party” toujou make avèk latriye jènn tout kalite; bon melanje ak drivayèz, yo tout ak mayo plan tap bay tout kalite yayad DJ avèk aspje dlo nan Ri Antèman jodi 19 jwiyè a nan Pòtoprens.

Aktivite kiltirèl sa ki ta sanble antre nan kad pou bay defi a dènye kominike gouvènnman an te pran pou entèdi mouvman “Car Wash” ki soti non sèlman pou ajoute yon lòt vye mès nan sosyete ayisyènn nan, men tou pou bra ba direksyon jenès la ke vagabon mal entansyone ap dirije nan debòch ak drivayèz.

Antouka, pandan gwo anbyans mizik, tire dlo, mouye tranp, ak yayad kap vale teren, otorite lokal yo debake e dispèse avèk anpil detonasyon kout zam ki lage gwo panik e okazyone plizyè santènn patisipan mete van nan vwal yo. Konsa, yon moun arive mouri elektrokite nan chape poul li e plizyè lòt moun arive blese anba bal.

Comments are closed.