Otorite leta yo deside fèmen eksplwatasyon karyè sab nan Mònn Kabwit

501

Petyonvil____(TRiboLAND) Apwè otorite tankou pwemye Joseph Jouthe, minis anviwònnman, Abner Septembre ak minis TPTC, Nader Joiséus fenn konstate nan ki eta deplworad antrepwenè, transpòte ak travayè ki pa sispann mine minn sab la mete Mònn Kabwit, yo deside sispann tout fòm eksplwatasyon sit yo.

Vizit sit sa yo ki te fèt 12 jwen 2020 an, egzije otorite yo mete yon “Ola” nan eksplwotasyon anachik karyè sab la pou divès rezon tankou: abi eksesif sit yo mete vi moun ak anviwonnman an an danje, itilizasyon materyèl inapwopwiye sou wout nasyonal nimewo 3 a, se pami yon kantite rezon ke otorite yo fè sòti nan yon kominike konjwen yè lendi 15 me 2020 a.

Konsa, egzekisyon ou respè desizyon sa ki sòti anndan vant Direksyon jeneral ajans nasyonal espas pwoteje yo (ANAP) ap jwen jarèt ak konplisite deplwaman ajan Bwigad Suveyans Espas Pwoteje yo (BSAP) sou tout sit ki menase yo.

Konsa, yo mande kolaborasyon antrepwenè kap bwase ou eksplwate sab leta a nan Mònn kabwit pou respekte nan tout totalite li mezi sa ki efektif lendi 15 me 2020 an.

Comments are closed.