Kowonaviris an Chenn: Peken fèmen tout lekòl yo nan vil la

286

Peken____(TRiboLAND) Sitiyasyon epidemi a trè grav nan Peken selon avètisman responsab Lamèri yo fè jodi madi 16 jwen 2020 an kote ke yo deja resanse depi semènn pase yon santènn ka kovid-19 nan kapital chinwaz la apwè aparisyon yon nouvo fwaye.

Jodi madi a, Mèri Peken an anonse ke tout lekòl ak inivèsite nan ville la pral retounen fèmen pòt yo akoz dènyè rakle viris rebèl la ki gen tandans parèt tèt li ankò.

Peken oblije antreprann depistaj yon dizènn milye rezidan apwè ke yo dekouvwi nan espas senk jou 106 nouvo ka enfekte, alòke kowonaviris la te bay aparans ke yo te dechouke li nan peyi Lachenn.

Comments are closed.