Gwo tansyon nan vil Gonaiv: PM Ariel Henry ansanm avèk yon latriye ofisyèl antòtye anndan Katedràl vil Gonaiv

3,164

01/01/2022

Gonaiv___(TRiboLAND) Andepi avètisman ki te ale jwen gouvènman Ariel Henry pou li te fè rekil sou seremoni 218èm komemorasyon endepandans granmoun nasyon ayisyèn nan vil Gonaiv, se te and marinad.

Ariel Henry ki eseye bwave danje, retrouve li anndan vil Gonaiv ap asiste seremoni komemorasyon endepandans Dayiti a nan Katedràl site endepandans lan jodi samdi pwemye janvye 2021 an.

Sitiyasyon an ta sanble okazyone kafe PM Henry ap koule ak ma nan mitan yon vil ki panike ak gwo tansyon; alòske anpil gwo kout zàm manman penba ap chante nan perimèt Katedràl la nan moman redaksyon yon parèy atik.

Fòs sekirite leta ou plizyè inite PNH la, ap trese lèl pandan yap miltipliye manèv ak estrateji ansanm pou evite nenpòt ki fòm penetasyon antite kap pwoteste yo. PM Henry ansanm ak tout ofisyèl yo ta sanble yo kazène anndan Katedràl la anba zèl pwoteksyon plizyè inite nan mitan gwo tansyon ki mete vil Gonaiv tèt anba.

Comments are closed.