Group 400 Mawozo krible plizyè otobis ayisyen: 4 pasajè blese

225

03/03/2021

Gantye, Kwa Dèboukè______(TRiboLAND) Yon lòt rèl pou peyi Dayiti ankò: group gang sangwen 400 Mawozo krible anba bal plizyè otobis chaje ak moun ki t’ap ale an repiblik dominikèn maten mèkredi 3 màs 2021 nan lokalite nan Papay, Gantye sou wout Malpas la, daprè sa ki rive jwen TRiboLAND.

Enfòmasyon yo fè eta de yon pakèt pasajè inosan ki resevwa bàl abò plizyè bis ki tap pran direksyon repiblik dominikèn. Selon temwen, bandi yo te mande youn nan chofè bis yo kanpe; yon lòd ki pat arive respekte. Konsa, yo krible otobis yo anba bal: 4 moun blese pami yo gen 2 ki nan yon eta grav.

Alòske viktim yo tap eseye trese lèl pou jwen asistans medikal nan Fon Parisyen, yon lòt basyen gang sangwen achte lajan kontan.

Se yon veritab kanaj, ki montre yon lòt fwa ankò se yon peyi ke se gang ak vwayou kap dirije’l.

Comments are closed.