Jamaik: 2 ajan polisye mouri krible anba bal, 2 lòt blese nan yon atak nan Spanish Town

320

St Catherine____(TRiboLAND) Yon polis ansanm ak yon kaporal krible e mouri anba bal nan yon gwo lese fwape ak yon bandi ame nan Horizon Park, Spanish Town nan St Catherine maten an nan peyi Jamayik.

Selon kèk sous otorize, genyen 2 lòt polisye ki blese e ki nan moman sa ap pran swen lopital. Pami blese yo, ou jwenn yon polisye senyò. Moun tap obsève yon machenn lapolis arive ranvèse. Selon kèk sous, se ta nan pwese kouri lopital ak frè polis yo ki te blese. Pou sèten moun, se ta yon zatrap ki te pwepare pou polis yo.

Antouka, nan yon nòt ke li fè sòti san pèdi tan, Federasyon Polis nan Jamaik konfime ensidan an e li voye kondoleyans li bay fanmiy polisye yo ki afèkte nan sikonstans sa.

Comments are closed.