Afwontman nan Matisan : yon pickup FADH ensandye

74

11/09/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Se bon pye yon ti gwoup sòlda Fòs Ame Dayiti ki sove yo ki fè yo pa arive pase alenfinitif nan moman te genyen gwo konfwontasyon avèk plizyè gang ame sangwen nan Matisan jodi madi 9 novanm 2021 an.

Afwontman sa ki te san parèy te okazyone gwoup gang yo ensandye yon pickup Fòs Ame Dayiti ra pye tè. Katye Matisan sa te tèt koupe ak yon fim cowboy ki tap moute; bandi ame sivil te pozisyone yo nan diferan kwentay pou kontre kare fòs lòd yo nan antre sid kapital la malgre pwezans 2 blende Polis Nasyonal la.

Comments are closed.